KPT – Konseye prezidan Smith Augustin kite peyi a madi 4 novanm la nan kad yon virewon entènasyonal

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Konseye prezidan Smith Augustin kite peyi a, madi 4 novanm 2025 lan, nan kad yon virewon entènasyonal kote l pral patisipe nan 2 gwo randevou.
Konseye a ap gen pou patisipe nan 30e konferans pati yo sou klima (COP30) k ap dewoule 6 ak 7 novanm nan Belem, nan peyi Brezil anvan l patisipe nan 4e somè chef Leta ak gouvènman Amerik Latin ak Kominote Karayib yo (CARICOM) ak Inyon Ewopeyèn (CELAC), k ap fèt 9 ak 10 novanm 2025.
COP30 lan ap dewoule sou 6 pwen pami yo tranzisyon enèjetik ak endistriyèl, pwodiksyon ekosistèm yo, transfòmasyon sistèm agrikòl yo, rezilyans nan vil yo, rezilyans nan zafè dlo, devlopman ak sosyal.
Gen plizyè akò patisipan yo kapab siyen ansanm k ap montre angajman koperasyon entènasyonal fas ak ijans ki gen nan zafè klima a.
Somè CELAC-UE a ap dewoule anba tèm « Rezilyans ak koperasyon», Yon inisyativ pou kapab ranfòse koperasyon ant 2 rejyon yo nan zafè ekonomi, klima, sekirite ak gouvènans, selon yon kominike Laprezidans mete deyò.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut