EP/Patisipasyon fanm yo nan eleksyon : Lansman yon kanpay sansibilizasyon
4 hours ago
Konsèy elektoral pwovizwa a lanse, mèkredi 12 novanm nan, kanpay sansibilizasyon ak mobilizasyon fanm yo nan pwosesis elektoral la.
Kanpay sila a ap reyalize nan lide pou ensite epi defini pi bon fòmil pou entegrasyon fanm yo nan pwosesis elektoral la.
Seremoni lansman kanpay sansibilizasyon, fòmasyon ak mobilizasyon fanm yo reyalize nan prezans konseye prezidan Frinel Joseph, chèf gouvènman an, Alix Didier Fils-Aimé, minis kondisyon fanm ak dwa fanm nan, Pédrica Saint-Jean, epi reprezantan kominote entènasyonal la.














