CPT : Vizit Leslie Voltaire nan sant jèmoplas «Grand-Pré»
3 hours ago
«Vers une autre Haiti» : se sou tèm sa, Konseye prezidan Leslie Voltaire ak Minis Anviwonman an, Moïse Fils JEAN PIERRE, lanse yon inisyativ rebwazman nan depatman Nò a, pi presizeman nan komin Katye Morin, lendi 10 novanm 2025 lan.
Nan sans sa, Konseye prezidan Leslie Voltaire ak Minis Anviwonman an te vizite sant jèmoplas Gran Pre nan komin Katye Morin.
Pwojè rebwazman sa, ki enskri nan kad vizyon gouvènman an, vize fè Ayiti vèt ak ble atravè yon gwo pwogram nasyonal rebwazman.
Konseye prezidan Leslie Voltaire fè konnen Ayiti konsome chak ane anpil pye bwa sou fòm chabon bwa pandan y ap enpòte yon pati fwi ki sòti nan peyi vwazen.














