Meri Kap-Ayisyen : Preparatif komemorasyon 18 Novanm
3 hours ago
Komisyon minisipal enterimè Kap Ayisyen an deja pran tout dispozisyon nan kad preparasyon selebrasyon Batay Vètyè 18 novanm nan…
Patrick Almonor, youn nan manm katèl minisipal Kap-Ayisyen an, fè konnen nan nivo meri a yo deja mete kanpe yon komisyon lojistik ki pral travay nan kad aktivite selebrasyon mès ak akèy ofisyèl yo k ap vini patisipe nan 222èm anivèsè Batay Vètyè a.














