PNH / DDN/ Bilan des opérations
3 hours ago
Sèt san vensèt (727) individi jwenn arestasyon yo, 10 zam, 8 chajè galil ak plizyè katouch sezi se bilan operasyon lapolis nan depatman Nò a mennen pou mwa septanm nan, kote yo rive poze sele sou divès machin ak motosiklèt.
Pandan operasyon sa yo, pòt pawòl PNH la nan Nò, enspektè divizyonè Arold Jean, fè konnen fòs lòd yo arete 6 endividi nan lokalite Bedorèt nan komin Plezans. Endividi sa yo ta enplike nan divès zak kriminèl.
Yon lòt bò, enspektè divizyonè Arold Jean anonse lapolis nan Nò deja mete yon plan sekirite anplas pou peryòd fèt fen lane yo, yon fason pou garanti sekirite popilasyon ak kwape aksyon kriminèl yo.














