Idejen / Célébration des 16 jours d'activisme contre les violences faites aux femmes
2 hours ago
Inisyativ pou devlopman jèn yo (IDEJEN) nan tèt kole ak divès patnè l òganize, vandredi 5 desanm 2025 lan, yon seri aktivite sou Plas kanapevè a, kote plizyè dizèn fanm deplase patisipe nan kad « 16 jou aktivis » pou konbat vyolans sou fanm ak ti fi yo.
Nan okazyon an, òganizatè yo raple nesesite pou fè pwomosyon epi defann dwa fanm sa yo, sitou nan peryòd difisil y ap fè fas akoz zak vyolans gang kriminèl yo.














