CPT / Réaction sur la mort de Sephora Anne Mircie Joseph

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Konsèy prezidansyèl tranzisyon an (CPT eksprime solidarite l ak fanmiSséphora Anne-Mircie Joseph, adolesant ayisyèn 11 lane ki mouri nan Santiago, nan Repiblik dominikèn, 14 novanm 2025, nan kad yon aktivite lekòl li tap òganize. Defen mouri nwaye nan yon pisinn. Limyè poko janm fèt sou sikonstans lanmò jèn konpatriyòt sa a.
CPT a salye jefò manm reprezantasyon diplomatik ak konsilè yo fè kote manm te rann yo sou plas pou te kapab akonpaye fanmi viktim lan epi asire yo gen suivi kap fèt sou dosye a.
Manm CPT a mande otorite dominikèn yo pran tout dispozisyon pou kapab gen yon ankèt ki fèt sou lanmò Séphora Anne-Mircie Joseph la epi pou ankèt la rive nan bout li.
CPT a pwofite deplore sitiyasyon an kote plizyè milye migran ayisyen, fanmi ayisyèn oubyen ki gens an ayisyen ap sibi zak vyolans ak pèsekisyon nan Repiblik dominikèn.
Otorite yo deklare sitiyasyon sa a merite bonjan repons nan respè akò bilateral ak entènasyonal yo nan respè souvrènte 2 peyi yo.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut