Sport / Coupe du Monde 2026/ Tirage au sort
2 hours ago
Tiraj pou fòme gwoup yo nan Mondyal foutbòl 2026 la dewoule vandredi 5 desanm 2025 lan.
Akote divès pèsonalite nan mond foutbol la, prensipal dirijan 3 peyi kote 23zyèm edisyon koup dimonn lan ap òganize a te prezan nan kad seremoni sa.
Ayiti se youn pami 48 peyi k ap gen pou patisipe nan mondyal 2026 la.
Ayiti ki tonbe nan gwoup C a ap gen pou afwonte Brezil, Mawòk epi Ekòs nan premye tou konpetisyon sa selon sa ki soti nan tiraj yo.














