MCFDF/ Atelier sur les violences électorales
2 hours ago
Ministè Kondisyon fanm ak dwa fanm òganize, jedi 4 desanm nan, yon asiz pou fanm nan depatman Lwès la sou tèm patisipasyon politik fanm yo ak vyolans elektoral.
Se te okazyon pou minis kondisyon fanm ak dwa fanm nan, Pedrica Saint Jean ankouraje medam patisipe nan pwochèn eleksyon yo pandan li ankouraje otorite pran tout dispozisyon pou asire sekirite fanm yo parapò ak vyolans tout kalite yo abitye sibi .














