Yon ekip ekspè soti nan peyi Lafrans remèt plizyè materyèl taktik bay Direksyon Jeneral Ladwàn nan
décembre 10, 2025 5:19 pm
Pou ranfòse kapasite operasyonèl ekip ladwàn ayisyèn nan, yon ekip ekspè soti nan peyi Lafrans remèt plizyè materyèl taktik bay Direksyon Jeneral Ladwàn nan .Don sa a gen ladan jile pwoteksyon, kas balistik, ansanm ak lòt ekipman estratejik ki vize amelyore efikasite entèvansyon yo sou tèren an. Inisyativ sa montre volonte patnè entènasyonal yo pou sipòte Ayiti nan batay kont kontrebann ak ensekirite.














