AFCAH/ Conférence-débat sur les droits des femmes en Haïti
3 hours ago
Asosyasyon fanm kazèk DAyiti òganize, vandredi 13 mas la, yon konferans deba , sou sitiyasyon fanm yo nan peyi a .
Se te okazyon pou prezidan Asosyasyon an ki soti nan 10 depatman peyi a , reflechi sou divès sijè ki kapab sèvi levye pou amelyore kondisyon lavi fanm yo san konte pwosesis elektoral la.
Entèvenan tankou ansyen prezidan Jocelerme Privert ak minis enteryè ak kolektivite tèritoryal la ,Paul Antoine Bien-aimé, te prezan pou pataje ak medam yo ekspètiz yo , sou sèten pwen.














