AGD / Recettes douanières /Causerie avec la presse
novembre 14, 2025 6:36 pm
Nan lide pou kominike ak popilasyon sou wòl ak misyon ladwàn, Administrasyon jeneral dwan yo AGD lanse, madi 5 novanm nan, yon kòzri ak laprès. Nan seri kozri sa yo, chak mwa, responsab yo ap genyen pou fè bilan aktivite yo reyalize.
Selon responsab AGD yo, previzyon resèt dwanye pou ane fiskal 2025 2026 la evalye a 137 milya goud. Pou premye mwa, ladwàn deja kolekte 12.2 milya goud.
Nan sans sa, responsab yo AGD yo eksprime satisfaksyon yo pou kantite lajan yo kolekte pou mwa oktòb la. Noizy Emmanuel, direktè adjwen dwàn du Port, ap pote plis presizyon .














