AHEC - Asosyasyon an mande tout antrepriz ki manm li yo pou mete ekipman yo disponib pou MTPTC
octobre 28, 2025 11:19 pm
Asosyasyon ayisyèn antrepriz konstriksyon yo mande tout antrepriz ki manm li yo pou yo mete ekipman yo disponib pou Ministè travo piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC) atravè direksyon depatmantal yo nan zòn ki kapab gen inondasyon yo.
Yon desizyon asosyasyon an pran nan lide pou kapab ede MTPC fè fas ak risk inondasyon epi deboulonnay tè gwo lapli kapab pwovoke nan moman tanpèt twopikal Melissa ap pase patikilyèman sou Gran Sid peyi a ak depatman Lwès, dapre yon nòt ki pote dat 23 oktòb 2025 lan ak siyati prezidan asosyasyon an, enjenyè Hervé Lerouge.














