BINUH/ Rencontre avec des représentants de la société civile haïtienne

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) rankontre, jedi 19 mas la, anviwon senkant aktè nan sosyete sivil la, siyatè ak aktè ki pa siyatè Pak nasyonal pou estabilite ak òganizasyon eleksyon yo, pou fè yon echanj sou fason pou mete li an aplikasyon.

Rankont sa a antre nan kad sipò pou dyalòg ant Ayisyen yo epi pou ankouraje efò kolektif pou tranzisyon an nan peyi Dayiti.

Rankont la mete an limyè tou wòl esansyèl sosyete sivil la nan aplikasyon Pak nasyonal la ak nan akonpayman pwosesis politik la.

Echanj yo pèmèt yo idantifye kèk fason pou sipòte aplikasyon priyorite tranzisyon yo epi mete aksan sou nesesite pou yon mobilizasyon kolektif an favè sekirite, bon gouvènans ak eleksyon ki kredib.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut