BME - Selebrasyon 50 lane egzistans
octobre 28, 2025 11:21 pm
Jedi 23 oktòb 2025 lan fè 50 lane depi Biwo min ak enèji egziste.
Responsab yo nan BME reyalize yon aktivite pou make 50 tan egzistans enstitisyon sa.
Aktivite sa te okazyon pou direktè jeneral Biwo min ak enèji a, Enjenyè jewològ Claude Prepetit, pale sou diferan etap biwo a konnen pandan 50 lane epi pataje dispozisyon ki dwe pran pou fasilite BME kontinye jwe wòl li.














