BRH/ Note sur la stabilisation du taux de change et l’inflation

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Bank Repiblik DAyiti atravè yon seri enfòmasyon li prezante ,bay detay sou sitiyasyon monetè a an Ayiti, espesyalman sou to chanj la. Se yon demach pou pote esplikasyon sou diferans ant to enflasyon epi to chanj ,li bay esplikasyon to sou enpak bon jesyon mache chanj lan sou ekonomi an.
Enfòmasyon sa yo pi lwen revele genyen yon stabilite sou mache chanj la pou egzèsis fiskal 2023-2024 la epi 2024-2025. Selon BRH, stabilite sa genyen anpil enpòtans nan dinamik komèsyal ak peyi etranje.
Yo presize pi devan se BRH lalwa bay misyon pou kontwole to chanj la mele ak kad reglemantè a. BRH di l deja mete plizyè sikilè pou ankadre tranzaksyon chanj yo.
To chanj lan garanti otomatikman kontwol enflasyon. Bank Repiblik DAyiti nan menm seri nòt sa dil antann mobilize yon kantite zouti legal, teknik ak operasyonèl pou prezève estabilite to chanj lan epi defann enterè tout moun.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut