CARDH / Celebration des 77 ans de la DUDH
9 hours ago
Nan okazyon selebrasyon 77 tyèm anivèsè Dekarasyon inivèsel dwa moun yo, Sant analiz ak rechèch nan dwa Moun (CARDH) òganize yon seyans fòmasyon sou dwa moun pou deplase nan k ap viv nan kan nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Responsab monitorin nan CARH la, Angello Samuel Pierre, fè konnen yo fòme deplase yo sou dwa yo ki kontinye ap vyole, tankou dwa pou gen lojman, dwa pou yo manje elatriye. Li ankouraje otorite yo pran responsablite yo nan sans sa.














