CCHB/ Journée portes ouvertes
3 hours ago
Chanm komès ayisyano breziyen òganize, madi 18 novanm nan, yon jounen pòt louvri nan lide pou prezante divès inisyativ ak sèvis chanm lan pran epi ofri.
Prezidan Chanm komès ayisyano breziyen an, Jean Rico Félix, nan kad jounen pòt louvri pwofite lanse yon apèl pou gen inite epi nesesite pou ranfòse lyen yo ak aktè ekonomik lokal nan lide pou fè pwomosyon pou devlopman antrepriz yo.














