CEP / Formation / 2e journée / Intervention du président du BED de Hinche
116 minutes ago
Responsab yo nan konsèy pwovizwa CEP rapouswiv ak 2ème jounen fòmasyon yo sou jesyon enfòmasyon nan peryòd elektoral la, madi 28 avril 2026 la, nan lotèl l’Ermitage zòn Pandyasou nan vil Hinche.
Prezidan BED Sant la Mèt Henrillot TERMIDOR di l satisfè pa rapò ak satisfaksyon patisipan yo.
Prezidan Biwo elektoral depatmanal Sant lan, mèt Henrillot TERMIDOR, felisite responsab CEP yo nan biwo santral la pou inisyativ fòmasyon sa ki selon li byen pase. Li soulinye tou responsab yo nan Konsèy elektoral pwovizwa a sou yon bòn pant paskel chwazi fòme jounalis yo sou pwosesis elektoral la.














