CEP / Inscription des partis politique / APPRAN
107 minutes ago
Prezidan Alliance Populaire pour la Reconciliation Nationale Lucson Bourcicaut, envite pati ak paltfòm politik yo vin enskri pati yo jan Konsèy elektoral la mande sa pou pèmet pwosesis la avanse.
Li mande tout aktè yo enplike yo pi plis nan pwosesis la pou pèmèt gen moun ki eli ki pran gouvènans peyi a yon fason pou mete bout nan kesyon tranzisyon an.
Prezidan APPRAN an fè deklarasyon sa yo nan moman li t al enskri estrikti a nan konsèy elektoral la madi 3 mars la.














