CEP / RDNP / Inscription
3 hours ago
Enkripsyon pati politik yo ap rapouswiv nan Konsèy elektoral pwovizwa a. lendi 9 mars 2026 lan, plis pase yon ventèn pati politik pami yo ransanbleman demokrat nasyonal pwogresis RDNP, enskri nan rejis enstitisyon elektoral la nan pèspektiv pwochèn eleksyon yo.
Prezidan ai RDNP an, Wadner Edouard, fè konnen peyi a paka tann ankò pou gen dirijan lejitim nan tèt li.
Mesye Edouard di l konsyan kesyon ensekirite a se yon andikap majè pou dewoulman eleksyon yo, sepandan li kwè tou, sitiyasyon sila a pa dwe yon pretèks pou pa fè eleksyon.













