CG Kwadèboukè Me Guy Alexis : Vizit nan Komisarya Dèlma 33
novembre 14, 2025 10:37 pm
Pou pipiti gang kriminèl yo detui oubyen andomaje 4 komisarya ak sou-komisarya nan jiridiksyon Kwadèboukè, se deklarasyon Komisè Gouvènman kwadèboukè a, Mèt Guy Alexis.
Pandan yon vizit nan komisarya Dèlma 33 a, kote gen 430 moun ki nan prizon, pami yo 422 nan detansyon prevantiv pwolonje epi 8 kondane pou pase rès vi yo nan prizon an, Komisè Alexis eksprime volonte ak detèminasyon li genyen pou kontwole jiridiksyon li an, malgre zak vyolans gang yo pa sispann fè viktim.














