CNE / MEF/ Remise de chèques aux anciens employés
101 minutes ago
Ministè Ekonomi ak Finans fè ansyen anplwaye Sant nasyonal ekipman yo (CNE) konnen chèk konsènan salè ak konpansasyon yo disponib.
Se nan lokal MEF la, nan nimewo 5, Avni Charles Sumner, y ap kapab pran chèk sa yo jan règleman mande sa epi anplwaye yo ap gen pou prezante yon pyès pou idantifye yo.
Ministè a mande konsène yo pou yo respekte prensip ajan k ap distribiye chèk yo ap bay nan okazyon an epi raple operasyon sa a antre nan kad dekrè 2 septanm 2024 la sou disolisyon CNE epi sa ap pèmèt yo regle kesyon ki gen pou wè ak dwa ansyen anplwaye enstitisyon an.














