Conatel / Célébration de la Journée internationale des filles dans les TIC
2 hours ago
Konsèy nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) renouvle angajman li anfavè enklizyon nimerik, egalite chans ak otonomizasyon jèn fanm ayisyèn yo, nan okazyon Jounen entènasyonal jèn fi nan sektè teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon an.
Jounen sa ki selebre chak 23 avril ap dewoule ane sa anba tèm:
entèljans atifisyèl pou sèvis devlopman: jèn fi yo se avni nimerik la.
Mete sou koze egalite fanm ak gason an, CONATEL, atravè kominike sa, fè konnen prezans fanm yo nan sektè TIC a, se yon kondisyon esansyèl pou ankouraje inovasyon, ranfòse konpetisyon epi favorize kesyon devlopman an nan peyi a.














