Conjoncture / Sécurité / Arrivée d'un nouveau contingent de policiers kenyans en Haïti
décembre 9, 2025 10:40 pm
Plis pase 200 ofisye kenyan ateri nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture,jodi lendi 8 desanm 2025 lan. Premye kontenjan sa ki debake ofisyèlman nan kad Fòs represyon gang yo (FRG) vin gwosi efektif ki te la deja nan kad ansyen misyon MMSS la.
Daprè kòdonatè KPT, konseye prezidan Laurent Saint-Cyr, ki te pran lapawòl nan okazyon an, polisye sa yo pral kontinye batay bò kote fòs lòd lokal yo pou kwape gang yo ki pa sispann teworize popilasyon. Pandan gwoup ofisye sa yo ap rantre gen yon kantite tou k ap kite peyi a.
Prezidan KPT a salye kouraj sòlda sa yo ki te mete vi yo an danje nan konbat chak jou nèg ak zam yo.














