Conjoncture / Sécurité /Visite du Premier ministre Alix Didier Fils-Aimé au DGPNH
118 minutes ago
Premye minis Alix Didier Fils-Aimé akonpaye ak minis jistis ak sekirite piblik la Patrick Pelissier, vizite dimanch 28 desanm nan, manm Wo kòmandman Polis nasyonal la nan Klèsin.
Yon vizit pou chèf gouvènman an temwanye solidarite l ak rès manm wo komandman PNH la epi pwofite enspekte nouvo materyèl PNH la apèn resevwa yo.
Alix Didier Fils-Aimé renouvle angajman gouvènman l ap dirije a pou lite kont ensekirite a, derasinen gang kriminèl yo epi reyalize eleksyon nan peyi a.














