CPT / Célébration des 222 ans de l'Indépendance d'Haïti
janvier 6, 2026 9:24 pm
Jedi premye janvye 2026 la fè 222 lane depi Papa nasyon an, Jean Jacques Dessalines ak lòt jeneral lame endijèn yo te pwoklame endepandans peyi Dayiti.
Nan okazyon an, Konsèy prezidansyèl tranzisyon an ak Gouvènman an reyalize yon seremoni komemorativ nan Vila Dakèy.
Aktivite sa a te okazyon pou prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, Anthony Franck Laurent Saint-Cyr, pale sou ansanm avanse ki fèt nan kad obligasyon akò 3 avril 2024 la.














