CPT / Coopération/ Visiste de Leslie Voltaire au Mexique
3 hours ago
Konseye-prezidan Leslie Voltaire rankontre, vandredi 26 desanm 2025, responsab koperasyon peyi Mexique la nan kad yon vizit ofisyèl nan peyi sila.
Diskisyon yo te dewoule sou ranfòsman koperasyon ant 2 peyi yo, patikilyèman nan domèn militè, edikasyon, teknik, sante, agrikilti, sekirite alimantè ak enfrastrikti tankou nan fonksyonnman ayewopò entènasyonal Antoine Simon ak pò Saint-Louis du Sud.
Konseye-prezidan Voltaire salye angajman Meksik pou kapab gen estabilite nan rejyon an epi l toujou soutni solisyon ki dirab.
Pèsonalite yo te pale tou sou akonpayman gouvènman meksiken an ap bay pwosesis elektoral la an Ayiti atravè enstiti nasyonal elektoral (INE).














