CPT / Indemnité de départ /Démenti
2 hours ago
Konsèy prezidansyèl tranzisyon an demanti fòmèlman enfòmasyon ki fè kwè konseye prezidansyèl yo ta mande yon valè 500 a 600 mil dola ameriken nan kad fen manda yo 7 fevriye.
CPT a raple misyon yo chita sou tranzisyon politik la ki dwe rive nan bout li nòmalman, ranfòsman enstitisyon demokratik yo, epi jesyon resous piblik yo nan transparans.
Nan sans sa a, CPT a mande popilasyon an, patikilyèman medya yo, pou yo vijilan parapò ak kanpay dezenfòmasyon sa a ki kapab mete konfizyon epi frajilize plis toujou tranzisyon an.














