CTP&Primature / Report de l'entrée en vigueur du Code pénal et du Code de procédure pénale
2 hours ago
Konsèy minis yo te reyini pa vizyokonferans, mèkredi 24 desanm 2025 lan, sou direksyon Prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, Laurent St-Cyr Premye minis Alix Didier Fils-Aimé te akonpaye.
Nan okazyon an, otorite yo deside repòte dat pou aplikasyon Kòd Penal ak Kòd pwosedi penal ki revize yo epi anonse kòman dokiman sa yo kapab aplike pwogresivman.
Dapre otorite yo, yo pran mezi sa nan lide pou anpeche tout ensekirite jiridik pou sitwayen epi pou sa nui fonksyonnan yon Leta ki chita sou lalwa, sa yo rele Etadedwa a.
Desizyon sa a ap pèmèt Ministè Lajistis ak sekirite piblik gen posiblite pou mete kanpe dispozitif teknik ak operasyonèl ki nesesè pou pilotaj, kowòdinasyon ak sipèvizyon kesyon aplikasyon Kòd sa yo.
CPT a ak gouvènman an deklare y ap fè tout jefò pou kapab garanti yon Leta ki chita sou lalwa epi bon fonksyonnman enstitisyon piblik yo, dapre yon kominike Primati repiblik la pibliye.














