Culture / La Primature salue l’entrée du Konpa d’Haïti dans le patrimoine immatériel de l’humanité

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Premye minis Alix Didier Fils-Aimé salye enskripsyon Konpa, mèkredi 10 desanm lan, sou lis patrimwàn kiltirèl imateryèl limanite Oganizasyon Nasyon zini pou Edikasyon, Syans ak Kilti (UNESCO).
Chèf gouvènman deklare se yon konsekrasyon ki montre gwo wòl konpa a jwe nan montre kreyativite ak diyite pèp ayisyen an.
Distenksyon sa a montre nanm kiltirèl peyi a, konpa a se yon patrimwàn vivan jeni kolektif ayisyen yo mete kanpe.
Inisyativ sa onore memwa fondatè konpa a, gwo batay tout moun te mennen pou sa epi pasyon tout pèp la pou mizik sa a.
Apre soup joumou, enskripsyon konpa a se yon lòt viktwa pou kilti ayisyèn lan, selon sa Primati Repiblik la raple.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut