CUTRASEPH - Josué Mérilien denonse atak nèg ak zam yo fè sou vil Akayè, madi 9 septanm 2025 la
114 minutes ago
Sekretè Jeneral Santral Initè Travayè Sektè Piblik ak Prive Ayiti yo (CUTRASEPH), Josué Mérilien, denonse atak nèg ak zam yo fè sou vil Akayè, madi 9 septanm 2025 la.
Li lanse yon apèl bay responsab yo pou pran dispozisyon pou pwoteje popilasyon an epi mete fen nan zak vyolans sa yo.