DCPJ - Lansman sèvis pwodiksyon dokiman ekstrè kazye jidisyè nan depatman Nò a
octobre 4, 2025 12:00 am
Direktè santral polis jidisyè a, enspektè jeneral Marc Justin, nan tèt kole ak direksyon depatmantal Nò PNH la lanse, jedi 2 oktòb 2025 lan, sèvis pwodiksyon dokiman ekstrè kazye jidisyè nan depatman Nò a.
Inisyativ sa rantre nan kad demach pou desantralize sèvis ekstrè kazye jidisyè a epi fasilite moun yo jwenn dokiman sa nan 15 jou.














