DCPR – Sikile pou anonse yon ansanm mezi pou rantre lekòl la

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Direksyon sikilasyon ak polis woutyè DCPR , nan yon sikilè yo mete deyò anonse li adopte yon ansanm mezi pou fasilite sikilasyon an, nan kad rantre lekòl la.

Nan nòt sa, Direksyon sikilasyon fè konnen okenn machin k ap pote machandiz pa gen dwa sikile soti 5è pou rive 9è nan maten nan zòn tankou otowout Dèlma, wout Boudon, Petyonvil ak wout Kenscoff.

Li entèdi tou pou yon machin rete bloke chose a oubyen twotwa pandan lontan. Nan ka sa lapolis ap remoke l.

DCPR fè konnen tou l ap prezan pou enspekte epi anpeche machin ki pa ranpli kondisyon pou yo sikile fè sa.

Tout moun ki itilize vwa piblik la pou garaj ap tonbe anba sanksyon lalwa jan atik 4 dekrè 26 me 2006 la mande sa epi veyikil la ap remoke.

Direksyon sikilasyon ak polis woutyè di l konte sou konpreyansyon tout moun pou pèmèt mezi sa yo aplike .

Se responsab direksyon sa Jean Michèle Shoute ki siyen not sila.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut