DGPNH - Carl-Henry Boucher se nouvo direktè ransèyman jeneral ak responsab sant kòmandman polis la
4 hours ago
Direktè kabinè DG Polis nasyonal la, enspektè jeneral Berson SOLJOUR, enstale, lendi 1 septanm 2025 la, enspektè jeneral Carl-Henry Boucher, kòm direktè ransèyman jeneral epi responsab Sant kòmandman, kontwòl, kominikasyon ak entelijans PNH la.
Seremoni an te dewoule nan lokal DGPNH lan, nan Clercine 8, komin Tabarre.
Nan okazyon an, Carl-Henry Boucher, remèsye kòmandan an chèf PNH la, André Jonas Vladimir PARAISON, pou konfyans li fè l epi pwomèt li pral travay pou kapab bay rezilta nan pòs sa a.
IG Carl-Henry Boucher ranplase enspektè jeneral Prophète Joachim ak Isaac Max Harry, ki te respektivman nan pòs direksyon ransèyman jeneral epi responsab Sant kòmandman, kontwòl, kominikasyon ak entelijans PNH la.