DIE /Remplacement du NIF par le NINU
19 hours ago
Direksyon emigrasyon ak imigrasyon fè responsab tout biwo rejyonal ak sant resepsyon dokiman ak livrezon dokiman yo (CRLDI) konnen yo mete ajou nouvo lojisyèl pèsonalizasyon paspò yo.
Nan nouvo vèsyon idantifikasyon nimerik sa, nimewo idantifikasyon nasyonal inik la (NINU) ki gen 10 chif ranplase Nimewo Imatrikilasyon fiskal la (NIF).
Nan sans sa a, li obligatwa pou tout moun k ap rekipere paspò yo, ki gen plis pase 18tan, genyen nimewo idantifikasyon nasyonal inik la (NINU) pou kapab fè demand yon nouvo paspò, renouvle paspò yo, ranplase yon paspò ki pèdi oubyen yo vòlè.
Pou mande fè paspò pou yon minè fòk responsab la gen kat idantifikasyon nasyonal la tou. NINU an ap sèvi tou pou idantifye yon mari nan ka yon demand paspò pou yon fanm ki marye.
Se ak nimewo idantifikasyon nasyonal inik la (NINU) yon moun ap kapab ranplase yon paspò ki ranpli ak so oubyen viza epi pou kapab idantifye yon moun pou imigrasyon kapab kontakte rapid nan ka yon demand paspò.
Dapre avi sa ki pote dat 6 janvye 2026 la, desizyon sa dwe kòmanse aplike apati menm moman avi a pibliye














