Edikasyon - Dispozisyon deja pran bò kote yon kèk direktè lekòl piblik pou akeyi timoun yo
octobre 1, 2025 10:53 pm
Tout dispozisyon deja pran bò kote yon seri direktè lekòl piblik pou akeyi timoun yo, mèkredi 1e oktòb la, nan kad rantre ane akademik 2025-2026 la.
Direktè Lise nasyonal Petyonvil la, Jean Marc CHARLES ak Kòdonatè nasyonal Polis kominotè edikativ la (EDUPOL), Jean Salvador ÉTIENNE di yo deja mobilize tout pèsonèl pou akonpaye paran ak elèv yo pou ane sila.