Ench/Asasina yon pwofesè : Mesaj Majistra Mibalè a
novembre 14, 2025 10:33 pm
Aprè ensidan ki te pase, lendi 10 novanm nan, nan konplèks administratif Ench lan, kote yon moun te mouri ak yon lòt blese ak bal, majistra komin Mibalè a, Lochard Laguerre adrese l ak popilasyon ench lan, kote l prezante senpati l bay paran ak pwòch viktim yo.
Yon lòt bò, li mande moun Mibalè yo pran yon ti pasyans pou tann sitiyasyon an amelyore avan yo retounen lakay yo.














