Ensekirite - Amnesty International kondane masak ki fèt nan lokalite Labodrie nan Kabarè
septembre 18, 2025 9:01 pm
Amnesty International kondane masak ki fèt nan lokalite Labodrie nan Kabarè 11 septanm 2025 la, kote plis pase 40 moun mouri epi gang kriminèl yo boule plizyè dizèn kay. Dimanch 14 septanm 2025, bandi yo touye 10 chofè taksi moto ki t ap fè wout dekoupe pou antre nan kapital la.
Daprè òganizasyon an, zak vyolans yo montre nesesite pou gen bon jan mezi otorite yo dwe pran pou pwoteje popilasyon an. Otorite yo ak kominote entènasyonal la pa dwe rete bra kwaze fas ak zak vyolans sa yo.
Direktè kanpay Amnesty International pou Amerik yo, César Marín, mande jistis pou viktim yo.
Òganizasyon an mande Konsèy sekirite Nasyonzini an aji prese prese, yon fason pou kapab gen yon solisyon nan ensekirite a an Ayiti, pou sitwayen yo kapab jui dwa fondamantal yo, pou yo jwenn pwodui ak asistans imanitè.
Amnesty International mande Òganizasyon Eta ameriken (OEA), peyi donatè yo ak otorite yo fè jefò yon fason pou pakab rezoud kriz tout kalte k ap boulvèse peyi a, sitou zak vyolans gang kriminèl yo.