Ensekirite/ Meri Kenskòf - Gang yo fè yon nouvèl atak sou komin nan lannwit 11 pou rive 12 oktòb la
octobre 16, 2025 12:34 am
Gang kriminèl yo te fè yon nouvèl atak sou komin Kenskòf, nan lanwit 11 pou rive 12 oktòb 2025 lan. Gang yo boule epi pote ale anpil byen peyizan yo.
Men. fòs lòd yo te rive repouse yo, selon majistra komin Kenskòf la, Massillon Jean ki mande konkou otorite yo nan pi wo nivo leta pou rive netralize malfwa yo.














