Ensekirite - Plizyè dizèn jèn òganize yon mach pasifik pou mande jistis pou wanderson Zamy
4 hours ago
Plizyè dizèn jèn òganize, jedi 21 dawout la, yon mach pasifik pou mande jistis pou wanderson Zamy ki mouri 18 dawout la aprè l te fin resevwa yon bal, nan Dèlma 83, nan zòn biwo santral Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl la.
Ensidan sa rive nan moman yon gwoup anseyan t ap manifeste pou mande lèt nominasyon yo.
Zamy Wanderson, yon jèn ki fenk fin konpoze filo, se te yon basketè epi yon tiktokè.
Manifestan yo mande jistis pou fanmi Wanderson Zamy kote yo te pwofite limen balèn nan espas kote jèn sa te viktim nan.