Evèy Gran Sid mande kominote entènasyonal pou devlope yon patenarya reyèl ak Ayiti

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Nan yon nòt li mete deyò Evèy Gran Sid di l pa kwè okenn misyon entènasyonal ap kapab rezoud sitiyasyon ensekirite peyi d Ayiti ap viv jounen jodi a. Daprè dirijan asosyasyon an, depi 30 lane misyon sa yo espesyalman pa Nasyonzini yo pa janm bay rezilta nan peyi a . Sa daprè EGS ki fè se Ayisyen ki pou rezoud pwoblèm peyi a.
Pi lwen òganizasyon an, fè rapèl ansanm echèk elit diferan domèn pandan l kwè nesesè kounya pou bay sosyete tan pou patisipe nan desizyon pou wete peyi a nan kriz.
Yo rete kwè fòk gen plan devlopman nasyonal k ap reyalize sou 25 lane ki chita nan mete kanpe antrepriz transfòmasyon agrikòl, endistri ak touris elatriye. Evèy Gran Sid ankouraje tou yon konferans nasyonal sensè ak onèt daprè li pou defini ansanm plan kap bay peyi a yon lòt direksyon.
Li pwofite tou mande kominote entènasyonal pou devlope yon patenarya reyèl ak peyi d Ayiti, pandan la p respekte souverènte l ak aspirasyon l.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut