FENACAH / Forum sur la situation des collectivités territoriales
3 hours ago
Fedsrasyon Nasyonal Kazek Ayiti yo (FENACAH), lanse, mekredi 17 desanm lan, yon fowòm pou reflechi sou sitiyasyon difisil peyi a ap konnen dènye tan sa yo .
Atravè aktivite sa, Kazek, Azek ak delege vil yo mande otorite yo nan Leta santral enplike yo pi plis nan demach ak travay k ap fèt pou retabli lapè ak sekirite nan peyi a .
Minis enteryè ak kolektivite teritoryal yo, Paul Antoine Bien-Aimé, ki te prezan nan dezyèm jounen aktivite sa mande Premye minis Alix Didier Fils-AImé fè dilijans pou peye anplwaye ministè enteryè yo 20 mwa aryere salè yo.














