FOHDD : Lansman ofisyèl pwojè «PLANTE LESPWA»
114 minutes ago
Fon ayisyen pou devlopman dirab, nan tèt kole ak otorite lokal yo, enstitisyon edikativ yo epi plizyè patnè teknik ak finansyè, lanse 6 novanm 2025 lan, pwojè « PLANTE LESPWA », nan Ti Rivyè Nip sou tèm « simen, kiltive, pwoteje epi libere potansyèl antrepreneryal jèn fanm yo ».
Yon inisyativ pou kapab ranfòse rezilyans kominotè, otonomizasyon jèn fanm yo, sekirite alimantè ak rekonstriksyon ekolojik espas ki sible yo.
Pwojè sa a kanpe gras ak Akademi antreprenerya agrikòl dirab. Li kòmanse nan lane 2024 nan Nip gras ak soutyen enstiti frankofoni pou devlopman, ki se youn nan ògàn Òganizasyon Entènasyonal Frankofoni (OIF) ak lòt patnè tankou Inyon Ewopeyèn, Nexus ak gouvènman an.
Pwojè « PLANTE LESPWA » a dwe kontribiye nan pote repons ak gwo defi sitwayen yo ap rankontre nan « Cholette », 2èm seksyon kominal Ti Rivyè Nip, nan zafè teritwa, kesyon sosyal, ekonomik, anviwonnman epi relasyon fanm ak gason.
Nan okazyon an, kòdonatris Jeneral òganizasyon an, Medgine J. Orvil, souliyen « PLANTE LESPWA » se yon mouvman pou pote lespwa epi se yon responsabilite pataje, kote sitwayen yo dwe plante 15 mil pye bwa epi 90 pou 100 se ap moringa.
Pami lòt, responsab yo dwe kreye tou yon atelye fòmasyon ak distribisyon pwodui agrikòl, yon sit entènèt, pou kapab vann pwodui yo epi fòme 100 jèn fanm nan antreprenarya agrikòl, teknik modèn transfòmasyon, konsèvasyon ak komèsyalizasyon.














