FRG / Déclaration conjointe sur la conférence des bailleurs
9 hours ago
Gouvènman Etazini ak Kanada pibliye deklarasyon sa a, nan non Gwoup Pèmanan Patnè yo, nan dat 12 desanm 2025 lan kote yo salye angajman ak patisipasyon tout patnè yo nan Konferans 9 desanm lan sou kreyasyon fòs pou Fòs pou Konbat Gang yo (FRG).
Detèminasyon peyi patnè yo ansanm ak òganizasyon yo montre volonte yo pou Ayiti fè fas ak defi sekirite ki kontinye menase estabilite peyi a ak rejyon an.
Dapre Etazini ak Kanada, gouvènman tranzisyon an ap pran gwo mezi pou relanse yon pwosesis demokratik, tankou adopte yon dekrè elektoral ki pral pèmèt eleksyon fèt premye fwa depi anviwon dis (10) lane.
Diskisyon konferans lan te vize ranfòse inisyativ sa a, lè yo te rasanble patnè yo pou kowòdone, soutni, epi amelyore kondisyon sekirite sou teren an. Gen 18 antite ki pwomèt pèsonèl, resous, ak sipò teknik pou FRG a. demach sa ap pèmèt Fòs la jwenn zouti li bezwen pou reyalize manda li.
Etazini ak Kanada remèsye tout peyi ki te bay pèsonèl pou misyon ki te vin avan FRG a, Misyon Miltinasyonal Sipò pou Sekirite a, epi yo rete angaje pou kontinye travay ak Ayiti ansanm ak nouvo fòs la pou fè pwomosyon, patikilyèman pou estabilite an Ayiti.














