FZT / Distribution de kits aux enfants
2 hours ago
Fondasyon zanmi timoun distribye, vandredi 26 desanm 2025 lan, kit alimantè bay yon total 50 timoun ki soti nan divès kan deplase. Benefisyè yo remèsye Fondasyon zanmi timoun ki panse ak yo nan moman fèt la.
Pi lwen, youn nan responsab Fondasyon an, Bernard Félix mande konkou otorite yo nan pi wo nivo leta pou ede ranfòse kapasite Fondasyon zanmi timoun, konsa y ap rive sove plis timoun ki nan lari.














