GAFE - Òganizasyon 6èm edisyon Vilaj Altènatiba sou chanjman klimatik
septembre 24, 2025 12:01 am
Gwoup aksyon frankofòn pou anviwonman GAFE, òganize samdi 20 septanm 2025 lan, nan Wanament, 6e edisyon Vilaj Altènatiba sou chanjman klimatik.
Direktè egzekitif GAFE la, David Tilus, fè konnen aktivite sa rantre nan kad mouvman sitwayen pou klima ak pwoteksyon anviwonman nan depatman Nòdès.