Haïti / Fête de l'Indépendance /Déclaration du Secrétaire d’Etat américain, Marco Rubio
janvier 6, 2026 9:18 pm
Peyi Etazini kanpe avèk pèp ayisyen an nan okazyon 222èm anivèsè Jou Endepandans li, selon Sekretè Deta Marco Rubio, ki deklare gouvènman ameriken an rete angaje pou travay yon fason pou kapab ranfòse sekirite a an Ayiti, kreye stabilite, epi bati fondasyon pou yon lavni ki pi pwospè.
Otorite amerikèn yo kontinye sipòte Fòs pou represyon Gang yo ki ap travay avèk Fòs sekirite yo an Ayiti pou mete yon bout nan zak teworis gang kriminèl yo ak òganizasyon teworis etranje Etazini deziyen yo.
Yon lòt kote, Sekretè Deta a salye pwogrè gouvènman tranzisyon Ayiti a ak konsèy elektoral pwovizwa a fè nan kad òganizasyon pwochèn eleksyon yo ki pa janm fèt nan peyi a depi 10 lane.
Etazini ap kontinye ankouraje epi sipòte jefò pou tabli sekirite nan lide pou pwosesis elektoral la kapab byen dewoule.














