Henry WOOSTER reyaji sou enkyetid ki genyen konsènan deplwaman Fòs represyon gang yo nan peyi a
octobre 25, 2025 12:25 am
Chaje dafè peyi Etazini an nan peyi Dayiti, Henry WOOSTER, reyaji sou enkyetid ki genyen konsènan dat Nasyonzini poko bay pou deplwaman Fòs represyon gang yo nan peyi a.
Diplomat la mande popilasyon an pran ti pasyans toujou.
Daprè sa li di, pou rive monte, ekipe ak jwenn lajan pou pèmèt FRG a deplwaye an Ayiti ap mande ti tan .














