IBC - Lansman vòl inogiral Miami-Cayes anonse pou 10 novanm 2025
novembre 7, 2025 2:30 am
Responsab konpayi ayeryèn IBC anonse pou lendi 10 novanm 2025 k ap vini la, premye vòl Miami- Cayes k ap transpòte pasaje l, nan ayewopò Antoine Simon Okay.
Pou kounya,enterese yo ap kapab itilize sèvis konpayi chak lendi, mèkredi ak vandredi, dapre yon nòt responsab konpayi a, Dimitri Fouchard, siyen.
Genyen yon anga ki deja amenaje pou resevwa pasaje yo annatandan sal atant ki an konstriksyon an. Li ́nesesè pou enstitisyon kou ladwàn ,Brigad lit kont dwòg ak sèvis imigrasyon pran mezi nesesè nan sans sa, selon menm nòt sa ki al jwenn kòdonatè Ayopò Antoine Simon an ki se Olivier Thévenin.














